PNH arete 2 manm gang nan baz naval Amiral Killick

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete 2 sitwayen yo akize kòm manm gang nan Baz Naval Amiral Killick nan Kafou, jou mèkredi 22 janvye 2025 la.

Sitwayen sa yo se Mackenson Polissant, 19 an, epi Mathias Sanon, 41 an. Yo arete yo vè 8 è nan maten alòske yo te genyen nan men yo yon pistolè kalib 9 mm, SARB6 Plus, yon chajè ki te gen 7 katouch, 2 batistè, yon bèg nwa, yon telefòn ak 7 500 goud.

Lè Lapolis poze yo kesyon, yo te deklare se kat idantifikasyon nasyonal yo yo te vin fè nan biwo ki nan Baz Naval Animal Killick la.

Pou kounye a, 2 sitwayen sa yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.

Description de l'image