PNH : Arestasyon yon sovadò prizon Lapolis t ap chèche ak balèn

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse arestasyon Brutus Simson ki se yon sovadò prizon, nan Sidès, nan lannuit 26 pou louvri 27 mas 2025 la.

Se nan kad yon operasyon Inite Depatmantal Mentyen Lòd ak Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Sidès te mennen nan tèt kole, nan seksyon kominal Fon Jan Nwèl nan komin Marigo, yo rive fè kout filè sa a.

PNH fè konnen Direksyon Santral Polis Jidisyè te arete Brutus Simson nan dat 8 jen 2021pou plizyè enfraksyon tankou ansasinay, posede zam ilegal ak asosyasyon malfèktè. Li te rive sove nan prizon lè gang ame yo te fè poteboure sou prizon sivil Pòtoprens la.

Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Sidès fè konnen li gen enfòmasyon ki fè kwè Brutus Simson t ap pare pou li t al tabli yon baz gang nan seksyon kominal Fon Jan Nwèl la.

Pou kounye a, Brutus Simson plase nan gadavi, annatandan lajistis deside sou ka li.

Description de l'image