PNH : Arestasyon yon sitwayen yo akize ki enplike nan touye yon anplwaye konsila peyi End

Kaptaj ekran PNH

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), arete Ballaguel Menéus yo akize ki ta gen men li tranpe nan zak ansasinay sou yon anplwaye konsila peyi End an Ayiti.

Se nan dat lendi 17 mas 2025 la lapolis rive mete men sou Ballaguel Ménéus alyas Babo nan zòn Kafou Rita nan komin Taba, nan kad ankèt DCPJ te lanse aprè yon atak bandi te fè sou yon konvwa konsila peyi End an Ayiti nan zòn Kafou Vensan, komin Site Solèy, nan dat madi 21 janvye 2025, kote yon anplwaye konsila a te rive viktim. 

DCPJ dekouvri telefòn viktim nan te gentan fè yon apèl yon jou sèlman aprè atak la, sètadi 22 janvye 2025. Epi Lapolis ta pral jwenn telefòn nan ak tout SIM li nan men Ballaguel Ménéus alyas Babo.

Pou eseye defann tèt li, Ballaguel Ménéus alyas Babo deklare bay anketè DCPJ yo se nan dezyèm men li achte telefòn nan ak tout SIM. Li deklare li pa konn anyen nan sa yo repwoche l la, li se yon bòs mekanisyen, li pa t ap janm fin fè yon zak konsa aprè sa pou l ap itilize SIM telefòn viktim nan.

Description de l'image