PNH : Arestasyon yon sitwayen pou vyòl ak detounman minè

Lapolis Nasyonal d Ayiti, atravè Direksyon Depatmantal Sidès, espesyalman Inite Lit Kont Krim Seksyèl (ULCS) ak Brigad Pwoteksyon Minè (BPM) arete Carl Renours lendi 3 fevriye 2025 la nan zòn Breman, komin Jakmèl, pou vyòl ak detounman minè.

Carl Renours ki se moun Kavayon nan depatman Sid avwe devan Lapolis li te gen relasyon seksyèl ak 3 demwazèl 17 an youn apre lòt. Li deklare premye a se renmen li te renmen avèk li, li te fè remèd pou li epi li tou gen relasyon avèk li.

Pou 2 lòt demwazèl yo li di ki gen 17 an tou, se premye a ki te refere li yo, daprè sa li fè konnen.

Dezyèm nan te vin kote li pou yon pwoblèm vant fè mal li te genyen, apre li fin ba li yon dòz, nan pale pale, yo tou kite kantik pran priyè, pandan dòz la t ap fè travay li.

Twazyèm nan menm, daprè sa li esplike, li te vin lakay li paske li te gen pwoblèm li pa ka aprann lekòl, li te achte 2 plim ba li monte pou li. Malgre Carl Renours deklare li te di demwazèl la li pa konn monte plim, men sa pa t anpeche li te tou fè dappiyanp sou ti minè a.

Description de l'image