Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sant (DFC) arete sitwayen Guito Sénat yo akize ki enplike nan yon dosye trafik zam ak minisyon.
Arestasyon sa a fèt nan kad ankèt y ap mennen sou kagezon zam ak minisyon Repiblik Dominikèn te sezi nan dat 4 mas 2025 la.
Sitwayen Guito Sénat lapolis akize ki enplike nan dosye sa a te plase nan gadavi nan depatman Sant, espesyalman nan vil Ench, jedi 13 mas la.
Pou kounye a, l ap tann suit ankèt la pou konnen kisa lajistis ap deside sou ka li.
