PNH : Arestasyon yon sitwayen ki mele nan plizyè zak malonnèt

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete Venel Calixte nan jou pase yo nan Dèlma pou zak ansasinay, detansyon zam ilegal ak vòlò machin.

Venel Calixte gen 56 zan, li se papa 6 pitit. Li esplike bay Lapolis li deja patisipe nan divès zak brakaj ak lòt moun li di ki se zanmi l.

Venel Calixte se tou yon sovadò prizon, daprè sa Lapolis presize. Li te deja fè prizon pou patisipasyon li nan zak ansasinay sou yon dam.

Arestasyon li fèt kèk jou apre li te fin brake yon sitwayen kote li te menm rive blese sitwayen sa a ak bal. Li fè Lapolis konnen se chape bal la chape l al pran sitwayen an bò tèt men li pa te gen entansyon tire li, se yon presyon li t ap bay epi bal la chape.

Lapolis Nasyonal d Ayiti pwofite fè konnen li vin pi detèmine chak jou nan lit la mennen kont tout fòm banditis nan peyi a, pou mete kriminèl yo nan vrè plas yo epi pèmèt sitwayen yo sikile kòmsadwa.

Description de l'image