PNH : Arestasyon yon polisye UDMO ki nan tete lang ak gang kriminèl yo

Kaptaj ekran PNH

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak Biwo Afè Kriminèl (BAK), arete polisye Dominique Junior Altimy alyas Junior Gabard ki nan konsimanda ak kowalisyon gang kriminèl yo.

Polisye Dominique Junior Altimy se yon polisye UDMO 20èm pwomosyon ki te nan detachman nan Primati epi ki te fè pati sèvis sekirite repwoche ansyen Premye Minis Garry Conille. Aprè sèvis ransèyman Primati a te dekouvri polisye a nan fè ti jwèt lago kache ak gang kriminèl yo, Lapolis arete li nan dat 15 septanm 2024 pandan li te nan pòs li.

Ansyen Premye Minis la te enfòme Direktè Jeneral PNH la sou koneksyon polisye a ak gang kriminèl yo. Se konsa yo te rive arete li. Nan yon premye tan, polisye Dominique Junior Altimy t ap plede li pa konn anyen nan sa yo repwoche li yo. Men apre sa li ta pral avwe bay anketè DCPJ yo li te touye yon anplwaye imigrasyon Pòtoprens yo rele Civil Jonas nan Petyonvil. Mete sou sa, Réginald Kempel René ki te temwen zak ansasinay la ta pral mouri tou lapoula.

DCPJ retrase tou polisye Dominique Junior Altimy enplike nan vann zam ak vòlò machin. Yo dekouvri li nan konsimanda ak plizyè chèf gang epi li konn nan poze move zak ak yo. Li konn menm abitye patisipe nan reyinyon ak chèf gang yo li menm rive bay ti non afektif.

Nan kesyon ensekirite nan peyi isit, anpil fwa se konn rat kay ki konn ap manje pay kay. Men PNH la sèmante l ap rapousuiv kèlkeswa moun ki enplike nan move zak k ap fè popilasyon an soufri pou li arete yo epi mete yo nan plas yo dwe ye.

Description de l'image