Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse arestasyon Genescar Chesnel yo prezante kòm manm gwoup kriminèl viv ansanm.
Se yon patwouy Lapolis Dèlma ki arete Genescar Chesnel sou wout Ayewopò a. Pou kounye a, li plase nan gadavi annatandan yo mennen li devan lajistis pou li esplike sa li konnen sou sa yo repwoche l la.
Yon lòt kote, Lapolis anonse arestasyon John Michel, alyas John Popo yo prezante kòm nimewo 2 gang Kadouch la.
Se Polis Fwontyè Tèrès (POLIFRONT) ki arete li nan Wanament, nan depatman Nòdès, nan moman li t ap eseye travèse ale an Repiblik Dominikèn.

Daprè enfòmasyon Lapolis di li genyen, John Michel, alyas John Popo se nimewo 2 gang Kadouch la k ap opere nan lokalite Maren sou direksyon chèf gang yo konnen sou non Pipi.
Pou kounye a, John Michel alyas John Popo plase nan gadavi annatandan yo mennen li devan lajistis pou l al di sa li konnen sou sa yo repwoche l la.
