Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sidès, arete Peter Phillinstor Covens Lundi jou lendi 3 fevriye 2025 la pou afilyasyon li ak gang Kriminèl Tibwa k ap opere nan komin Kafou.
Peter Phillinstor Covens Lundi avwe bay Lapolis li konn kolabore ak gang nan vre. Li fè konnen se taksi li fè, sanble se chans li pa genyen ki fè chak fwa mesye gang yo al tcheke chofè se li menm yo toujou jwenn.
Li abite Kafou men li nan komin Kay Jakmèl depi mwa septanm, daprè sa li deklare. Li fè konnen se nan antèman papa l li te ale.
Bò kote pa li, Lapolis fè konnen li detèmine pou arete tout bandi kèlkeswa kote yo twouve yo sou teritwa nasyonal la.
