Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sidès, espesyalman Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Sidès, arete Lundi Peter Phillenstor Covens, alyas Dieupifò, ki gen 28 an, nan komin Kay Jakmèl.
Yo akize li se manm gang Ti Bwa k ap opere nan komin Kafou.
Pou kounye a, Lundi Peter Philenstor Corvens, alyas Dieupifò, plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka li.
Direksyon Depatmantal Lapolis Sidès tou pwofite renouvle angajman li pou li mete tout moun k ap vin kache nan depatman an lè yo fin komèt move zak nan wòl yo, pou yo sispann anmède moun.
