Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Latibonit, anonse arestasyon 2 moun, pami yo yon fo doktè k ap bay gang swen.
Se nan komin Ti Rivyè Latibonit PNH arete Jordany Jean ki fè tèt li pase pou medsen pou li te kapab swanye yon sèten Dinozò ki se yon gwo majò jon nan baz gang gran grif, daprè enfòmasyon PNH la dispoze.
Nan menm okazyon an, yo tou arete chofè motosiklèt ki te avèk Jordany Jean an.

