Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak INTERPOL arete Maria Estela Fajardo ki se yon sitwayèn Repiblik Dominikèn jou mèkredi 29 janvye 2025 la nan Taba.
Maria Estela Fajardo se Pwopriyetè Klèb «La Patrona» nan Taba 36. Yo arete li sou demann otorite nan peyi Repiblik Dominikèn atravè INTERPOL. Arestasyon sa a fèt aprè disparisyon yon minè epi otorite Dominikèn yo repwoche Maria Estela kòm moun k ap fè eksplwatasyon seksyèl.
Otorite dominiken yo repwoche li kòm moun k ap itilize Dominikèn yo pou rantre an Ayiti pou fè pwostitisyon.
Devan anketè DCPJ yo ki t ap poze l kesyon, Maria Estela fè konnen li pa gen okenn minè nan biznis li. Li toujou bay kondisyon pou medam yo travay lakay li, li pa kite anplwaye li soti ak enkoni.
PNH presize trèt minè, eksplwatasyon seksyèl, eksplwatasyon minè yo repwoche sitwayèn dominikèn nan fè pati kriminalite transnasyonal.
