Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete Manoché Fontain yo prezante kòm anmourèz Kervenson Saintil alyas Tiga, yo di ki se yon manm aktif nan gang Kanaran an.
Arestasyon Manoché Fontain, 23 lane, fèt nan zòn Jeral Batay. Lapolis prezante mennaj li Kervenson Saintil alyas Tiga kòm moun ki konn ap fè resèt pou gang Kanaran an nan zòn Bonrepo. Li konn resevwa Manoché Fontain devan tout konpayèl li yo lè l al chèche lajan nan men li.
Manoché Fontain li menm deklare moun lakay li te okouran relasyon li ak Kervenson Saintil alyas Tiga, men li pa te di yo si li te nan gang.
Lapolis Nasyonal d Ayiti renouvle angajman li pou li arete tout moun ki nan konfyolo ak gang ame yo k ap teworize popilasyon an.
