Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse atestasyon twa manm gang dinizò, nan dat 21 ak 22 me 2025, pami yo chèf gang sa a.
Se nan kad operasyon l ap rapousuiv pou rive kaba gang dinizò a k ap opere nan lokalite Nan Zonbi nan komin Okap Lapolis rive arete Valmyr Fabius, alyas Koulou, 27 an, ki se chèf gang nan, ansanm ak konpayèl li Variste Ancelot, alyas Satan, 23 zan. Arestasyon sa yo fèt nan komin Limonad kote yo te al kache apre yon poteboure Lapolis te fè nan baz yo nan dat 3 me pase a.
Apre arestasyon li, Koulou te santi li pa byen. Yo te mennen li nan lopital Justinien Okap pou l al pran swen, malerezman li rann dènye souf li. Poutèt sa, yon Jij de pè te oblije vin fè konsta legal la.
Epi nan maten jedi 22 me 2025 la, gras ak sipò popilasyon an, Lapolis te rive arete Nixon Vixamar, alyas Ti Bab, 38 an, ki se yon lòt manm gang dinizò a, epi fòs lòd yo te rive sezi yon zam kreyòl nan menm okazyon an.
Yon lòt kote, Lapolis anonse atestasyon de moun nan depatman Nip pou trafik dwòg. Se pandan yon kontwòl woutin nan lokalite Sen Michèl nan komin Miragwàn fòs lòd yo rive arete Valderama Ystal ak Norman Washington James nan maten dimanch 25 me 2025 la. Yo chak la te sou moto avèk yon valiz ki te gen dwòg.

Ajan Biwo Lit Kont Trafik Dwòg (BLTS) ki te depeche nan depatman Nip la verifye kantite dwòg sa a evalye a 43,9 kilo mariwana anviwon. De mesye yo arete yo fè ajan BLTS yo konnen se Ti Gwav yo ta pral livre dwòg sa a
Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li p ap fè bak, l ap kontinye travay pou mete tout moun k ap vyole lalwa nan wòl yo.
