PNH : Arestasyon kat moun pou trafik zam

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Nò (SDPJ-NÒ) arete kat moun yo akize nan trafik zam samdi 15 mas 2025 la

Moun sa yo se de frè Jeff PIERRE ak Jacques Jerry PIERRE, epi Mackenson PIERRE ak Francesca CHARLES.

Lapolis te gen alèt ki te fè kwè mesyedam yo ki te ame t ap eseye mete van nan vwèl yo nan yon machin Toyota ki t ap pran direksyon Plato Santral.

De frè yo menm ki se pitit Pierre Macadieu Nabon alyas Ti Nana Lapolis ap chèche kou chen fou, yo te arete yo nan Ayewopò Okap la, nan moman yo t ap pare pou kite peyi a pou ale Etazini.

Lapolis nan Repiblik Dominikèn te sezi yon konntenè ki te gen zam pou Ti Nana nan dat 4 mas 2025, sa ki ta pral mennen nan arestasyon sitwayen Guito Sénat ki akize köm moun ki enplike nan dosye sa a nan dat 13 mas la.

Pou kounye a, kat moun yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.

Description de l'image