PNH : Arestasyon Fedlaire Métellus, yon manm gang

Fedlaire Métellus

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Latibonit (DFA) arete Fedlaire Métellus alyas Dabò, 33 zan, ki se manm gang kokorat san ras, daprè sa Lapolis presize.

Lapolis fè konnen se pandan manm gang kokorat san ras yo ta pral enstale Fedlaire Métellus alyas Dabò, nan Pasrèl, 2èm seksyon komin Ènri, ajan fòs lòd yo rive mete li anba kòd gras ak yon sennay Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) Gonayiv te rive fè.

Fedlaire Métellus t ap eseye nye koneksyon li ak gang kokorat san ras la. Men Lapolis fè konnen ajan SDPJ yo gen bon jan prèv ki montre li se manm gang nan. Lapolis deklare tou li gen abitid akonpaye madanm gang kokorat san ras yo, lè yo arete mari yo pou yo kapab fè suivi pou al rann mari yo sèvis nan prizon.

Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li plis detèmine nan kad batay l ap mennen kont gang kriminèl yo pou kontrekare aksyon bandi yo kèlkeswa kote yo ye nan peyi a.

Description de l'image