PNH : Arestasyon de sitwayen pou zak ansasinay sou yon bizismann

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Polis Sid, anonse arestasyon de sitwayen pou zak ansasinay sou yon bizismann.

De sitwayen sa yo se Boduy Lataillade ak Morpeau Eril yo akize kòm moun ki ta enplike nan zak ansasinay sou bizismann Gerson Borgat. Arestasyon sa yo fèt pandan Lapolis t ap mennen yon operasyon nan vil Okay samdi 3 me 2025 la.

Se 2 avril pase a yo te ansasinen bizismann Gerson Borgat nan machin li nan vil Okay.

Description de l'image