Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Nò (DDN) arete de moun nan Ayewopò Okap la jou mèkredi 12 mas 2025 la, nan moman yo t ap pare pou kite peyi a pou ale Meksik.
Moun sa yo se Badeau Donald ak Loubeau Myciana, ki akize kòm moun ki nan tete lang ak chèf gang Sat la nan komin Site Solèy yo konnen sou non Obama.
Nan moman arestasyon yo, yo te gen nan men yo 14 200 dola ameriken, 34 750 goud ak 500 peso meksiken.

Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Nò gen enfòmasyon ki fè li kwè Loubeau Myciana se madanm chèf gang Obama.
Pou kounye a, mesyedam yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.
