Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse arestasyon 2 manm aktif gang k ap opere nan Kwadèboukè a.
Moun sa yo ki arete a se Lory Thermidor ak Louis Jean Robenson ki se manm aktif gang ki tabli baz li nan Kwadèboukè a. Yo arete yo an Repiblik Dominikèn gras ak koperasyon ant PNH la ak Lapolis dominikèn.
Se samdi 1e fevriye 2025 la yo remèt 2 mesye sa yo ki gen akizasyon kriminèl sou do yo bay Polis Fwontyè Tèrès (POLIFRONT) nan nivo Bèladè.
Pou kounye a, yo plase yo nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.
