PNH : Arestasyon ansyen depite Kenskòf Alfredo Antoine

© Fernando Estimé

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), arete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, vandredi 4 avril 2025 la, selon sa plizyè medya rapòte.

Arestasyon sa a rive fèt nan nivo Mòn Kalvè nan komin Petyonvil.

N ap souliye DCPJ t ap chèche ansyen palmantè a kou chen fou poutèt li te anba akizasyon konplo kont sekirite enteryè peyi a, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite ansasinay, epi asosyasyon malfèktè.

Se nan mwa fevriye 2025 PNH te lanse avi rechèch kont ansyen depite Alfredo Antoine, senatè Nenel Cassy, ansanm ak yon seri lòt sitwayen yo te akize nan zak malonnèt. Lapolis te presize ansyen depite a te gen zam epi li pa te manje anyen ki frèt.

Description de l'image