PNH : Arestasyon 6 fo houngan ki t ap koupe kou dyaspora a

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sant (DDC) anonse li arete 6 fo houngan, lendi 17 fevriye 2025 la, ki t ap koupe kou dyaspora a nan fòse li peye gwo sòm lajan.

Fo houngan sa yo Lapolis arete a se : Dorvil Jackson, Merilan Jephté, Luvenson Orelien, Frantz Catilus, Saintil Renald ak Louis Ricardo. Yo genyen ant 19 a 27 an.

Mesye sa yo te fè tèt yo pase pou prèt vodou epi yo t ap fòse moun k ap viv nan dyaspora a pou vèse gwo sòm lajan ba yo, daprè presizyon PNH.

Pou kounye a, fo houngan sa yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.

Description de l'image