PNH : Arestasyon 4 move je, pami yo yon manm gang Gran Ravin

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sant (DDC) arete 4 sitwayen yo akize nan move zak, pami yo yon manm aktif gang Gran Ravin. Arestasyon sa yo fèt dimanch 2 fevriye 2025 la.

Moun sa yo ki arete a se Noël Estenio,  33 lane, ki soti nan 3èm seksyon kominal Aguahédionde, Riv Goch, nan komin Ench, ki arete pou asosyasyon malfèktè ak tantativ ansasinay, Laporte Solve Junior, 31 lane, ki arete pou vòlò machin, Louis Alberto Paulista, 26 lane, ki se moun Ansdeno yo arete pou vòlò telefòn, ak Felix John Hommagne, 22 lane, ki soti Fontamara, ki se manm aktif gang Gran Ravin.

Pou kounye a, 4 sitwayen sa yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.

Description de l'image