Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Sid (DDS) ak Direksyon Depatmantal Grandans (DDGA) arete 3 sitwayen yo akize ki ta mele nan zak ansasinay.
Sitwayen sa yo se Jones Victor, Enold Eliassaint ak Fénel Eliassaint ki ta mele nan yon tantativ zak ansasinay ki te fèt lendi 12 me 2025 la.
Pou kounye a, 3 sitwayen sa yo plase dèyè bawo nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.
