Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li mobilize pou kraze tout fwaye gang kriminèl k ap opere nan rejyon metwopolitèn nan. Nan sans sa a, PNH la mennen plizyè operasyon mèkredi 8 janvye 2025 la nan divès zòn pou poteboure sou gang ame yo.
PNH la deklare li pa sispann travay lajounen kou lannwit nan objektif pou pèmèt popilasyon sivil la mennen aktivite li kòmsadwa nan rejyon metwopolitèn nan.
Se pou rezon sa a, jou ki te mèkredi 8 janvye sa a, plizyè inite espesyalize nan Lapolis la tankou BOID, SWAT, BRI, ansanm ak Inite Dwón ak Seksyon Anjen Lou te fè yon seri entèvansyon nan zòn Fò Nasyonal, Avni Poupla ak Riyèl Widmaer.
Nan Kad entèvansyon sa yo, fòs lòd yo rive kraze plizyè espas kote gang kriminèl yo te kache pou yo opere pou komèt zak kriminèl sou popilasyon an.
