Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Lwès-2 (DDO2) fè konnen l ap kontinye entèvansyon li yo nan komin Site Solèy.
Sou sipèvisyon Dirèktè Depatmantal Lwès-2, Komisè Divizyonè Xavier Séide, UDMO-Lwès-2 ak seksyon anjen lou PNH la mennen yon entèvansyon, madi 21 janvye 2025, nan komin Site Solèy, patikilyèman nan zòn Kafou Dwouya ak Kafou Vincent, daprè sa PNH la presize.
Nan okazyon entèvansyon sa a, fòs lòd yo retire anpil pyèj, epi yo kraze plizyè kay bandi yo te konn itilize kòm kachèt, toujou daprè presizyon PNH.

N ap souliye Lapolis Nasyonal d Ayiti ap goumen sou tout fwon pou wè si li ta kapab rive jwenn yon bout nan ensekirite jeneralize k ap fè popilasyon ayisyèn nan monte lesyèl pa do depi twò lontan.
