PNH : Ala traka pou lave kay tè !

Kaptaj ekran PNH

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) pa rive montre li kapab retabli sekirite nan peyi a. Malgre tout jefò k ap fèt, sanble se lave men siye atè paske chak jou ki pase gang ame yo vin pi puisan. Sa ki rete pou yo kontwole tout kapital la ak komin ki viwonnen li yo pa anyen.

Pandan tan sa a, PNH la gen yon sèl mizik. Li pa gen mwayen. Osinon l ap kontinye mennen operasyon ak fèb mwayen li genyen. Se yon modèl kominikasyon ki pa fouti itil Lapolis la nan batay kont gang ame yo, men okontrè, ki plis bay bandi yo yon avantaj sikolojik san mank sou fòs lòd yo.

Jodi madi 25 mas 2025 sa a, Pòtpawòl PNH la t ap eseye pote diskou sa a nan Jounal Premye Okazyon sou Radio Caraïbes, tankou yon elèv ki pa revize k al nan egzamen, lè jounalis yo kwense li anba kesyon.

«Nou tyen a di que Lapolis la po ko reuseuvwa okenn maretyèl.» Yon moun ta ka mande ki itilite kominikasyon sa a. Men li plis sanble yon bon nouvèl pou bandi ame yo. Li sanble vle di mizik la pa chanje, lapolis pa (ko) gen materyèl.

Anplis, sanble se tout batri kominikasyon PNH la ki mobilize pou eskize tèt enstitisyon an. Nan yon nòt ki pibliye sou paj ofisyèl PNH la, yo presize «konsènan rimè  k ap sikile sou rezo sosyal yo ki anonse Lapolis Nasyonal d Ayiti resevwa nouvo ekipman ak materyèl dwòn, lendi 24 mas 2025 la, enstitisyon lapolis la kwè li enpòtan pou li enfòme gran piblik la, laprès an patikilye, Direktè Jeneral a.i. PNH la, Mesye Rameau Normil, pa resevwa dwòn.»

Men, kisa yon moun dwe konprann ? Lapolis pale de rimè, epoutan se lendi 24 mas la, avèk yon seri bèl foto pou apiye sa, Primati a anonse avan Premye Minis Alix Didier Fils-Aimè ak Direktè Jeneral PNH la, Rameau Normil, te patisipe nan CSPN espesyal sou sekirite a, yo te enspekte ansanm yon echantiyon nan nouvo ekipman ki pral livre pou ranfòse kapasite operasyonèl PNH la.

Se vre Primati pa di materyèl yo livre deja. Se yon anons. Men poukisa mache prese demanti sa a ? Èske se yon bagay nòmal pou menm mizik pa gen mwayen an pa janm sispann ?

Menm si yon moun pa pase nan lekòl militè ak lapolis, li fasil pou ou konprann lagè gen yon dimansyon sikolojik ki enpòtan anpil. Si de kan nan batay, yon kan pa ka rete ap plenyen tout lasent jounen li pa gen mwayen. Lè sa a, li deja bay advèsè a avantaj sou li. Li petèt pi bon pou kite advèsè a konprann ou gen plis mwayen kache pase sa ou genyen tout bon, epi ou pare pou mete do li atè kèlkeswa sa li fè.

Olye Lapolis ta kite bandi yo konprann li chaje dwòn ak lòt materyèl pou li mache sou yo, se kòmsi li voye di yo yo pa bezwen enkyete, menm si yo wè foto yo, se pa vre li pa gen okenn dwòn. Kisa mòd kominikasyon sa a ka itil Lapolis ?

Pòtpawòl la pa kapab esplike tou kijan fè Lapolis gen cha, yo gen fizi, yo gen kas, yo gen jilè pabal men se bandi yo ki do touni, ak sandal anpil fwa ki toujou gen inisyativ, alòske Lapolis toujou ap defann. Bandi yo ap envante nouvo mòd operatwa. Men èske fòs lòd yo pa ta dwe pi ka reflechi pase yo pou yo antisipe ki aksyon yo pral fè ? Poukisa fòs lòd yo pa ka antre nan tèt bandi yo pou yo deja prevwa kijan yo pral aji. Ransèyman enpòtan. Men tou, lè de kan nan batay, chèf chak kan dwe kapab mete li nan plas lòt la pou li deja imajine ki kou ki pare pou li, pou tout tan se pa gwo manman ki pare pou zepina sèlman.

Pwoblèm nan se pa Lapolis pa rive repranm kontwòl yon seri zòn estratejik tankou Kafou Ayewopò, Nazon, Sant Vil la, Channmas, Avni Christophe, eks, men se kijan bandi yo fè rive kontwole tout zòn sa yo fasil konsa ?

Polisye yo ki angaje nan batay kont gang ame yo merite anpil respè. Men diskou pa gen mwayen, fèb mwayen sa a pa fouti yon sous motivasyon pou yo. Si ou pral batay epi viretounen w ap plenyen ou pa gen mwayen, ou tou di advèsè a ou p ap fè pwa devan li. Lapolis se Leta. Leta pa ka ap plede plenyen devan gwoup kriminèl k ap teworize tout yon peyi. Men nan peyi isi, kay tè pa lave fasil.

Description de l'image