PNH : 5 kamyon machandiz arete epi 8 milyon goud sezi

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Polis Fwontyè Tèrès (POLIFRONT) arete, nan kad yon sennay, 5 kamyon machandiz ki t ap transpòte vyann konjele ki soti Repiblik Dominikèn jou vandredi 24 janvye 2025 la, nan zòn Jeral Batay.

Lapolis fè konnen li te remèt 5 kamyon yo bay Brigad Anti Kontrebann Ladwàn. Se 2 patwouy POLIFRONT ki te bay ajan Brigad sa a akonpaymam pou eskòte kamyon yo mennen yo nan depo Ladwàn nan.

Apre kout filè sa a, Administrasyon Jeneral Ladwàn nan rive sezi plis pase 8 milyon goud.

Description de l'image