PNH : 2 polisye mouri anba bal nan yon klèb nan Dèlma

De (2) polisye mouri anba bal nan yon klèb nan Dèlma 40 B nan lannuit vandredi 14 fevriye 2025 la, daprè sa plizyè medya rapòte, pami yo Radio Télé Galaxie.

Polisye sa yo ki pèdi lavi yo a se Grégory Pierre Michel, ki se Ajan 4 ki travay nan Komisarya Pòtoprens ak Stanley Denizé ki se yon Ajan Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal (USGPN).

Pou kounye a, yo pa konnen nan ki sikonstans egzat polisye sa yo rive pèdi lavi yo. Se yon ankèt ki pral detèmine kisa ki te pase egzakteman ki lakoz 2 manm fòs lòd yo pa reponn prezan.

Description de l'image