Plizyè dizèn polisye Gwatemala ak Salvadò vin ranfòse MSS

Jodi vandredi 3 janvye 2025 la, plizyè dizèn polisye ki soti nan peyi Gwatemala ak Salvadò debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan objektif pou vin ranfòse Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a.

Nan okazyon sa a, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Mesye Leslie Voltaire ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil,  Responsab Misyon miltinasyonal la, Jeneral Godfrey Otunga, Anbasadè ameriken an, Mesye Dennis B. Hankins, yo tout te prezan pou akeyi polisye etranje yo.

Polisye sa yo ki antre nan peyi a jodi a ta dwe vin pote lamenfòt bay fòs lòd yo nan batay kont gang ame yo ki sèmante swasant disèt fwa sèt fwa se yo ki pou fè lalwa nan peyi a.

Mesye Leslie Voltaire te pwofite salye prezans polisye etranje yo, swete yo byenvini nan peyi a, pandan li fè konnen li konte sou sipò yo pou mete ansanm ak fòs lòd Ayiti yo epi lòt manm Misyon miltinasyonal la pou tabli lapè nan peyi a.

Description de l'image