Lapolis te mande popilasyon Gresye a rete tèt frèt pandan li te pwomèt li t ap fè tout sa ki nesesè pou retabli lòd ak lapè nan komin nan.
Lapolis sanble pa t ap pale anlè. Semèn sa a li pa kanpe menm nan mennen operasyon pou mete nèg ak zam k ap simem latwoublay yo nan wòl yo.
Se konsa lapolis afime li mete dòmi nan je plizyè bandi nan operasyon li mennen jou dimanch 19 me 2024 la. Bandi sa yo te nan tire lobe ak fòs lòd yo.
Lapolis fè konnen tou li sezi plizyè fizi daso ak plizyè telefòn pòtab nan kad operasyon sa yo.
Pou fini, lapolis di li konte sou kolaborasyon popilasyon an pou pèmèt li pote laviktwa nan lit l ap mennen kont bandi yo nan peyi a.
