Selon sa Fernando live rapòte, ta genyen plis pase 85 sitwayen ak sitwayèn ki ta al enskri pou yo vin Premye Minis.
Peyi d Ayiti ap viv yon moman tèt chaje li pa te janm konnen avan jounen Jodi a. Se gang ame ki fè lalwa nan tout peyi a. Depi anviwon 3 mwa avyon pa vole, majorite antrepriz yo fèmen oswa ap fonksyone malman. Anpil anpil sitwayen ak sitwayèn twouve enskripsyon pou pòs Premye Minis sa a se yon bon mwayen pou yo defann yo.
Moun ki fòme konsèy tranzisyon an, kontrèman ak demach konstitisyon peyi a trase pou moun vin Premye Minis, yo te lanse enskripsyon pou moun al depoze pyès, tankou lè Jenn fi ak Jenn gason pral enskri nan inivèsite. Yo menm pou yo te vini nan tèt tranzisyon an, yo te oblije al enskri nan CARICOM.
Premye moman yo montre l ap difisil pou yo antann yo pou ta pèmèt Ayiti rale yon souf nan tray l ap pase. Kijan yo pral chwazi yon Premye Minis pami plis pase 85 kandida?
Fòk nou raple Federasyon Bawo d Ayiti ki te jwenn envitasyon pou li te voye yon kandida tou, li te ekri Mèt Josué Pierre-Louis ki se Sekretè Jeneral Prezidans la pou li di kondisyon yo pa reyini pou li patisipe nan pwosesis la.
