Gwo atak bandi yo te fè sou komin Gresye, nan dat 11 me 2024 la ogmante kantite moun ki deja kouri kite kay yo akoz vyolans nèg ak zam nan peyi a. Se 4 463 moun ki deja kite Gresye ant 11 ak 12 me a sèlman.
Daprè sa Òganizasyon entènasyonal Migrasyon (OIM) fè konnen, pami 4 463 moun ki oblije abandone kay yo, majorite rete nan Lwès (92%), rès yo ale nan Nip (4%) ak Sid (3%).
Nan moun ki deplase yo, gen 73% ki jwenn kèk fanmi resevwa yo, epi 27% al enstale yo nan 7 kan (4 nouvo kan ki kreye ak 3 lòt ki te deja egziste).
N ap raple Polis nasyonal la te annonse lendi pase li repran kontwòl komisarya ki te sou kontwòl bandi yo aprè atak yo. Li di tou li ranfòse prezans li nan komin nan. Malgre sa, sitwayen yo kontinye ap kite kay yo paske bandi yo toujou sou tèren an ap simen latwoublay.
