Plis pase 300.000 timoun kouri kite kay yo akoz vyolans an Ayiti

Daprè sa Nasyonzini fè konnen, genyen plis pase 300.000 mil timoun ki deplase kouri kite kay yo an Ayiti akoz sitiyasyon vyolans avèg jeneral gang ame yo enpoze sou peyi a. Chif sa a reprezante yon ogmantasyon 60% kantite timoun ki deplase depi mwa mas. Li reprezante tou anviwon mwatye kantite moun ki deplase andedan peyi a ki ta nan 600.000 mil toujou daprè estimasyon Nasyonzini. Timoun sa yo bezwen èd imanitè an ijans toujou daprè Nasyonzini.

Catherine Russel ki se Direkris Jeneral UNICEF deklare : «Timoun yo an Ayiti kontinye ap fè fas ak tout kalte danje, pami yo vyolans tèt chaje ak anpil anpil deplasman.  Timoun yo se prensipal viktim kriz imanitè sa a k ap dewoule anba je nou la a. Timoun yo ki deplase yo pa konn sa pou yo fè pou yo ta jwenn yon anviwònman ki gen sekirite epi k ap pwoteje yo, yo bezwen soutyen ak bon jan finansman kominote entènasyonsl la.»

Timoun ki kouri kite kay yo an Ayiti akoz vyolans gang yo plis kapab viktim vyolans tankou agresyon, eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl epi yo pi fasil separe ak fanmi yo. Se raman yo jwenn ti sèvis tankou espas kote yo an pè, swen sante, dlo potab ak lapwòpte.

Kòmsi sa pa t ase pou yo, timoun yo anba menas pou trape vye maladi pwennfèpa tankou kolera Nasyonzini li menm te pote nan peyi a avèk MINUSTAH. Tout sa, akoz sitiyasyon tèt chaje pou sa ki konsène kondisyon ijyèn nan kan deplase yo. Anpil timoun tou oblije abandone lekòl akoz anpil lekòl ki fèmen, mete sou sitiyasyon paran yo ki sou lagraba akoz vyolans yo paralize lavi ekonomik nan peyi a.

Piske pa gen lòt anyen yo ofri yo, anpil timoun tou oblije al gwosi ran gwoup ame yo, sa ki reprezante yon vyolasyon dwa yo ak tout dwa entènasyonal la daprè UNICEF.

Daprè Nasyonzini, 90% popilasyon ayisyèn nan ap viv nan povrete epi 3 milyon timoun bezwen èd imanite. Kòm abse sou klou, pil moun k ap viv nan kan deplase sa yo anba menas siklòn kote espesyalis yo fè konnen ane sa a p ap manje anyen ki frèt nan pote gwo siklòn ki kapab fè anpil anpil dega.

Sistèm sante a li menm ki te deja sou beki riske al fè fas ak yon vag maladi moun ka trape nan dlo, nan yon kontèks kote yo deja anrejistre 84.000 ka kolera, daprè chif Nasyonzini avanse.

Direkris Jeneral UNICEF la konkli pou li di : «Se chak jou pwoblèm yo ap ogmante an Ayiti, ansanm ak danje ki sou tèt timoun yo. Tout moun gen wòl yo pou yo jwe pou mete yon bout nan sitiyasyon sa a epi pèmèt timoun yo retounen lekòl, pou yo an sekirite, pou yo kapab jwenn sèvis fondamental yo. Se pa lavi timoun yo ak avni yo ki pou gaspiye akoz yon kriz granmoun yo kreye.»

Description de l'image