Nan moman yo te adopte bidjè nasyonal pou ane 2024 – 2025 la, ansyen Premye Minis Doktè Garry Conille te anonse avèk fyète : «Ministè Edikasyon gen pi gwo bidjè pou ane 2024-2025. Bidjè li ogmante nan 24% pou angaje ak fòme plis jèn pwofesè, distribye plis liv, ranfòse kantin eskolè, elatriye».
Avèk ogmantasyon konsekan sa a nan bidjè edikasyon an, pwofesè yo te espere chay revandikasyon yo ta pral jwenn kèk repons bò kote responsab Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP) yo, pou yo te kapab resi rale yon souf anba move lavi ki toujou ap sakaje yo. Malerezman, amelyore kalite lavi pwofesè ta sanble pa ko nan priyorite responsab MENFP yo.
Pami prensipal revandikasyon pwofesè yo, genyen : nominasyon tout moun k ap travay nan sistèm nan men ki pa ko nome, ajisteman salè kwatchòkò pwofesè yo ap touche a, kat debi pou ajan edikatif yo, amelyorasyon sistèm asirans sante a pou lè yon pwofesè malad pou lopital pa refize ba li swen akoz sistèm asirans la se yon sistèm bankal monn medikal la pa fè konfyans.
Revandikasyon pwofesè yo pou amelyore kondisyon lavi yo te toujou anpil. Men nan sitiyasyon ensekirite jeneralize peyi a ye lajounen jodi, se abse sou klou pou pwofesè yo kote anpil nan yo oblije kouri kite kay yo anba bal bandi ame tankou anpil anpil moun nan popilasyon sivil la. Lè konsa, pwofesè sa yo bezwen plis lajan pou yo al lwe lòt kay lòt kote, pou yo pran swen fanmi yo. Anpil fwa tou yo kouri kite tout materyèl travay yo tankou bibliyotèk, sa ki vin yon gwo andikap pou yo kontinye fè travay ansèyman yo kòmsadwa.
Lòt pwoblèm ankò, anpil lekòl yo oblije deplase tou swa pou chape anba vyolans gang yo lè katye kote yo ye a okipe, swa paske batiman lekòl yo sèvi kòm kan refijye pou popilasyon ki deplase yo. Lè konsa lekòl sa yo konn al reloje nan kèk zòn ki mande pou pwofesè a depanse de fwa plis lajan pou li al travay.
Nan sitiyasyon sa a, responsab Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl yo ta dwe sansib sou tray pwofesè yo ap pase chak jou pou yo al bay pen lenstriksyon. Malerezman, sanble priyorite MENFP se pa amelyore sitiyasyon lavi pwofesè, malgre li gen pi gwo bidjè.
Semèn sa a, sendika Lapolis kontan paske gouvènman an voye je gade polisye yo. Daprè sa Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anonse, yo pral double la pou la frè sou kat prepeye yo te konn bay polisye yo pou montre yo jan yo apresye angajman yo, epi y ap ogmante nan 50% endanmnite anplwaye sivil Lapolis yo pou kore travay yo ki endispansab.
Kilès k ap di yon mo pou pèsonèl edikasyon an nan yon kontèks kote tout nanm peyi a prèske fin detwi ? Èske travay pwofesè yo pa endispansab ? Èske MENFP ap panche sou sitiyasyon pwofesè yo ak tout pèsonèl edikasyon an ki fin kokobe anba move lavi ? Kilès k ap montre yo apresye travay ak angajman pwofesè yo ?

