Nan yon konferans pou laprès mèkredi 15 janvye 2025 la, Platfòm Sendika Anseyan Ayisyen yo mande anseyan nan kat kwen peyi a pa pran nan presyon, pa okipe detraktè k ap eseye jete vendik sou mouvman an, men yo dwe kenbe fèm, monte drapo mobilizasyon an pi wo, jiskaske otorite Leta yo deside tande larezon pou satisfè revandikasyon yo.
Platfòm nan presize li te fè anpil efò pou yo pa te rive nan mouvman mobilizasyon sa a nan sistèm edikatif la nan tout peyi a. Li fè konnen yo te toujou vle chèche dyalòg ak negosyasyon men malerezman Minis Augustin Antoine te meprize tout apèl yo te lanse. Daprè sa platfòm nan fè konprann, se mepri sa a ki alabaz deklanchman grèv jeneral anseyan yo nan 10 depatman peyi a.
Nan sans sa a, platfòm nan felisite tout anseyan ak anseyant ki antre nan mouvman grèv la nan tout peyi a, sa ki montre pèsonèl anseyan an konsyan batay se sèl mwayen pou yo rive amelyore kondisyon lavi yo, epi chanje eskanp figi lekòl an Ayiti ak tout peyi a.
Platfòm nan presize mobilizasyon sa a ki pran chè nan tout depatman yo prale lwen, li p ap kanpe toutotou revandikasyon anseyan yo pa satisfè. Konsa, platfòm nan mande anseyan yo pa pran nan chantaj moun k ap eseye jete vendik sou mouvman an. Li fè konnen anseyan yo se viktim yo ye, se Minis Edikasyon Nasyonal la ak tout Leta pou yo akize paske se yo menm ki koule beton nan zòrèy yo pou yo pa tande revandikasyon anseyan yo.
Se poutèt sa Platfòm Sendika Anseyan Ayisyen yo mande tout anseyan nan kat kwen peyi a kenbe fèm nan mobilizasyon an, monte drapo revandikasyon yo pi wo toujou, pandan y ap konte sou platfòm nan ki dispoze mennen bon jan negosyasyon nan sans enterè revandikasyon anseyan yo, sa ki deja nan kaye revandikasyon ki depoze nan biwo otorite yo.
Kanta pou delè pou mete fen nan grèv la, Responsab Platfòm Sentdka Anseyan yo fè konnen sa nan men Minis Edikasyon Nasyonal la ak tout Leta Ayisyen. Si yo voye siyal klè ki montre yo prale nan sans satisfaksyon revandikasyon anseyan yo, yo menm nan platfòm nan, yo pare pou bay yon trèv.
N ap raple lekòl piblik yo bloke nan tout peyi a depi 6 janvye 2025 la akoz mouvman grèv jeneral sa a anseyan yo deklannche a. Nan kèk zòn nan peyi a, deja kòmanse gen kèk mouvman leve kanpe bò kote elèv yo k ap mande pwofesè nan sal klas yo.
