Nan yon nòt nan dat 18 janvye 2025 kote li pran pozisyon piblik sou negosyasyon ki te tanmen ant Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl avèk Sendika Anseyan yo, Platfòm Sendika Anseyan Ayisyen yo (PSEH) ki regwoupe CNEH, REEH, GIEL, FENATEC, LINEH, UNNOEH, enfòme piblik la an jeneral, ak kominote edikatif la an patikilye, li te reponn prezan nan yon envitasyon Minis Edikasyon Nasyonal la te fè li nan kad mobilizasyon anseyant ak anseyan yo ap fè nan tout peyi a, jou ki te 17 Janvye 2025 la.
Platfòm nan deklare nan nòt sa a li etone wè Minis la pa te vini ak okenn pwopozisyon konkrè pou rezoud kriz ki gen nan sektè a depi pase 2 semèn. Pou sendikalis yo, sa montre a klè pouvwa ki la a pa gen okenn volonte pou amelyore kondisyon lavi anseyant ak anseyan yo ak pou chanje kondisyon aprantisaj elèv yo lè yo ta aji pou libere lokal ki okipe yo, mete kantin nan lekòl yo, laboratwa, eks.
Nan sans sa a, Platfòm Sendika Anseyan yo fè konnen l ap kontinye mande pou Leta mete kanpe yon tab negosyasyon k ap gen ladan li reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, reprezantan Primati, reprezantan Ministè Finans, reprezantan Laprezidans ak reprezantan sendika yo.

Pi lwen, Platfòm Sendika Anseyan yo pwofite raple grèv anseyan yo p ap leve toutotan Leta pa reponn revandikasyon yo ki se :
1. Ajisteman salè
2. Aplikasyon estati patikilye a
3. Avantaj sosyal yo tankou asirans, kat avantaj, fon garanti pou bon jan kredi, eks.
4. Nominasyon ak regilarizasyon tout travayè kalifye nan sistèm edikatif la.
Anfen, Platfòm nan mande tout ajan edikatif yo pou yo pa pran nan divèsyon epi kontinye monte volim mobilizasyon an jiskaske Leta reponn revandikasyon yo.
N ap raple lekòl piblik yo bloke nan tout peyi a depi 6 janvye 2025 la akoz mouvman grèv jeneral anseyan yo deklannche a pou mande otorite yo satisfè revandikasyon yo. Nan kèk zòn nan peyi a, deja genyen plizyè mouvman leve kanpe bò kote elèv yo k ap manifeste pou mande pwofesè nan sal klas yo.
