Pitye pou timoun yo souple !

Timoun jodi, granmoun demen. Se sa pawòl la di. Men nan peyi d Ayiti jounen jodi, lè ou gade sitiyasyon timoun yo an jeneral, menm si bouch ou ap tranble pou di sa, ou ta prèske anvi di : Timoun jodi, bandi demen.

Si yon moun pa ko janm wè timoun ak fizi, li ka difisil pou moun sa a mezire ki gwosè malè ki pandje sou peyi d Ayiti, kijan demen jenerasyon apre yo deja vann lajan kontan. Anpil moun panse gwoup ame yo itilize timoun kòm antèn pou fè siveye rapòte. Men sitiyasyon an pi grav lontan pase sa nou ta ka imajine. Men tou, gen imaj, lè yon moun wè li, li p ap janm sispann poze tèt li yon seri kesyon k ap rete san repons, toutotan peyi a pa deside chanje kap.

Nan mitan lane 2024, nou te gen obligasyon pou ale nan yon zòn nan Pòtoprens ki sou kontwòl gang ame yo  (prèske tout Pòtoprens sou kontwòl yo) pou al ede yon zanmi nan yon sitiyasyon. Malgre nou te renka men zanmi sa a te ban nou garanti nou te ka ale paske nan moman an, tout bagay te poze.

Vrèman vre yon dimanch maten optipipirit, nou leve nou ale. An reyalite tout bagay te parèt kal, moun te kòmanse pran lari nòmalman. Men pandan nou pral rantre nan zòn nan, san nou pa rann nou kont si se travèse yo travèse, si se anlè yo soti yo tonbe atè, nou wè 2 timoun parèt tankou yon boulvari devan machin nou epi yo fè nou siy pou nou kanpe.

De timoun do touni, ou pa ta ka ba yo plis pase 10 zan, gran maten, vè 7 è apèn. Youn ladan yo gen yon fizi men longè ki prèske pi long pase li. Ou gen enpresyon se trennen li trennen fizi a, se pa pote li pote li. Ou ta mande ak ki fòs li kenbe kalte zam sa a. Avrèdi yo pa te parèt agresif ditou. Sof fizi a ki sanble te vle di : «Pa fè erè non !»

Nou toujou konnen timoun se inosans, se lajwa, se souri. Erezman petèt yo pa te gen granmoun ak yo. Yo vini bò pòt machin nan epi youn di nou ak yon vwa wouye : «Dirèk la, nou pa ko gen köb pou nou bwè kafe.» Bon, si se sa, pa gen pwoblèm. De pye nou atè kounye a. Nou reponn : «Ok mesye, pa gen pwoblèm.» Nou foure men nan pòch nou, nou soti ak kichòy epi nou di : «Se sa m genyen wi mesye !» San yo pa menm gade ki valè sa nou lonje ba yo a, yo reponn : «Pa gen pwoblèm dirèk la.» Epi nou ale. Nou menm mande yo wout paske nou pa te twò konnen zòn nan. Yo di nou ri nou prale a se kafou pi devan an, nou prèske rive.

Men imaj sa a pa janm soti nan lespri nou. De ti gason 10 zan apèn, ki pou ta sou ban lekòl ap aprann «Ayiti èten peyi esansyèlman agrikòl». Kòm se te yon jou dimanch, nan lè sa a yo ta ka ap prepare pou al pran lakominyon, ale nan eskout, nan brigad, epi fè devwa pou lekòl lendi.

De ti gason 10 zan apèn ki pa ko gen kòb pou yo bwè kafe yon dimanch maten men ki gen yon fizi ki dwe vann plizyè mil dola ameriken. Ki kote yo jwenn li ? Kilès ki ba yo li ? Poukisa se pa yon liv ak yon kaye yo ba yo pito ? Osinon, poukisa se pa pen an ak kafe a yo ba yo ? Kisa pou timoun sa yo fè ak fizi sa a ?

Yon lòt kesyon nou poze tèt nou apre eksperyans sa a se : Èske lapolis osinon nenpòt bata fòs miltinasyonal ta tire sou de timoun sa yo nan mennen operasyon ? Èske yon timoun ak yon zam se yon bandi ? Kote Leta ? Kote Nasyonzini ? Kote gwo peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo ?

Men se pa de ti gason. Se anpil anpil timoun ki lage, ki anwole nan gang oswa ki oblije kouri kite kay yo, ki pa ka jwenn afeksyon fanmi yo, ki pèdi lekòl yo, ki pa ka jwenn manje, ki pa gen okenn pwoteksyon.

Se krèvkè lè ou rele yon pwòch ou pou mande li si timoun yo ale lekòl epi pou li reponn ou : «Yo boule lekòl timoun yo wi.» Osinon li di ou : «Tout semèn nan se yon tire ki pa janm rete, se anba kabann nou ye la a.» Si se pa : «Nou te oblije deplase wi, bagay la te tèlman rèd nou pa te ka rete. Tout moun t ap kouri, nou oblije mete deyò tou.»

Sitiyasyon timoun yo nan peyi a grav anpil. Demen yo pa klè ditou. Malgre bèl diskou, bèl pwomès dirijan yo, sanble pa gen lespwa pou timoun yo. Yon timoun 10 zan pa ka gen yon fizi nan men li. Kilès k ap pran fizi a pou mete yon liv ak yon kaye, yon tablèt, yon laptòp, yon balon foutbòl, yon balon baskèt nan men timoun sa yo ? Pitye pou timoun yo souple ! Pitye pou lavni souple !

Nelousi

Description de l'image