Pawòl sekirite : Ayiti, OEA ak Kanada men nan men

Nan yon kominike pou laprès nan dat 23 oktòb 2025, Primati fè konnen Ayiti, OEA ak Kanada, youn kenbe men lòt pou ranfòse kapasite nasyonal yo epi monte mi sèk pou sekirite a pa degringole tonbe nan ravin.

Kominike a presize Mesye Alix Didier Fils-Aimé, Premye Minis, te genyen avèk li Mesye Cristóbal Dupouy ki se Reprezantan Sekretè Jeneral Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), yo te vizite Sant Fòmasyon Taktik ki se yon pwojè Gouvènman Kanada finanse epi OEA ap egzekite. Vizit sa se te pou yo te wè nan ki nivo travay reparasyon yo ap vanse.

Daprè Primati, pwojè Sant Fòmasyon Taktik sa a gen pou objektif pou ranfòse kapasite nasyonal yo nan sa ki konsène sekirite ak gouvènans enstitisyonèl. Pwogram sa a ta vle kreye yon kad fòmasyon modèn e dirab ki fèt pou satisfè bezwen inite espesyalize yo, atravè sant la y ap konstwi epi y ap ekipe, pwogram fòmasyon yo rekonèt nan nivo entènasyonal y ap mete sou pye, epi devlope yon kò enstriktè ayisyen ki kapab pran sant la an chaj sou yon tan byen long.

Pwojè sa a pati pou li dire 24 mwa, epi daprè kominike Primati a, li montre sèl volonte patnè yo genyen pou yo ogmante pwofesyonalis, konpetans ak efikasite enstitisyon nasyonal yo, pou yo kapab kontribye pandan lontan nan estabilite, sekirite ak lapè piblik.

Description de l'image