Fondatè Misyon Batis Konsèvatris d Ayiti a, Pastè Wallace Turnbull vwayaje pou letènite lakay li nan Fèmat jou lendi 20 me 2024 la nan laj 99 an.
Pastè Wallace Turnbull, yon misyonè ameriken, te devwe lavi li pou sèvi kominote ayisyèn nan. Misyon li te fonde a ap travay nan 6 depatman nan peyi a ki se Lwès, Nòdès, Nòdwès, Nò, Sant ak Latibonit.
Travay Pastè Wallace Turnbull la pa te sèlman kontante li bay moun levanjil pou y ale nan syèl. Men li te konprann pandan moun yo sou tè a, yo dwe viv tankou moun ak tout diyite yo. Se konsa, li te travay nan anpil domèn tankou edikasyon, lasante, agrikilti, anviwònman pou akonpaye popilasyon an.
Pou manifeste rekonesans pèp ayisyen an pou travay sèvitè Bondye a nan peyi a, Prezidan Joseph Michel Martelly te dekore li avèk Lòd Onè e Merit, grad Kòmandè an 2014.
Lanmò Pastè Wallace Turnbull se yon gwo gwo pèt pou Misyon Batis Konsèvatris, tout komite pwotestan an, men tou pou tout kominote ayisyèn nan li te pase lavi li ap sèvi.
Pou kounye a kò li ap repoze nan mòg lopital Fèmat la, annatandan planifikasyon pou rann li dènye omaj li merite antanke sèvitè kominote a
