Pastè Marcelo Tunasi padone Denis Lessie pou kalomni li yo

KF: Marcelo Tunasi sou X

Apre Pastè Marcelo Tunasi te fin pèdi madanm li, Blanche Tunasi, apre yon senp operasyon daprè sa Pastè a te fè konnen, Pastè Pwofèt kongolè Denis Lessie te deklare se nan operasyon chiriji estetik madanm Pastè a ta mouri.

Apre sa li te vin prezante eskiz li pou chòk pawòl li yo te kreye. « Pawòl mwen yo te chokan nan moman desè Manman Blanche nou an. Mwen prezante eskiz mwen epi mwen renouvle kondoleyans mwen. Se pou Bondye beni nou. Se ak anpil regrè ak dlo nan je mwen pataje lapèn frè mwen an.»

Men nan yon emisyon televizyon, Denis Lessie deklare : «Mwen pa te wè otopsi Manman Blanche Tunasi. Se sèl Bondye ak mari li ak doktè li ki kapab konnen kisa ki touye li vrèman.» Li rekonèt tou li pa fin metrize dosye sa a epi li renouvle eskiz li, pandan li di li ta swete fini ak sa.

Bò kote pa li, Pastè Marcelo Tunasi pibliye yon mesaj sou kont X li kote li esprime padon li pou Pwofèt la. «Avèk gras Bondye, mwen padone Mesye Denis Lessie pou tout kalomni ak tout pawòl medizans li te lanse kont defen madanm mwen ak mwen menm. Mwen mande tout kominote Konpasyon an pou yo fè menm jan avè m. An nou priye pou li paske li bezwen restorasyon ak lanmou.»

N ap raple Blanche Odia Kandolo Tunasi, madanm Pastè Tunasi te desede mèkredi 12 jen 2024 la. Nouvèl lanmò sibit sa a te choke kominote pwotestan an nan lemonn antye.

Description de l'image