Pap François resevwa Leslie Voltaire nan Vatikan

© Laprezidans

Pap François resevwa Mesye Leslie Voltaire ki se Prezidan Konsèy Tranzisyon an nan Vatikan samdi 25 janvye 2025 la nan kad vizit Mesye Leslie Voltaire ap fè sou kontinan ewopeyen an.

Nan chita pale yo, otorite siprèm Legliz Katolik la ak Chèf egzekitif ayisyen an te abòde kesyon ki gen rapò ak dwa moun, lit kont povrete, enstabilite politik an Ayiti epi pwoblèm klimatik ki fè peyi a vin pi frajil, daprè sa yon kominike Laprezidans fè konnen.

Mesye Leslie Voltaire te pwofite tou remèsye Sen Pè a paske li pa janm sispann kore pèp ayisyen an epi li pa janm sispann voye mesaj ankourajman pou li, sitou nan lapriyè Urbi et Orbi, sa ki bay kretyen katolik ayisyen yo fòs, kèlkeswa kote yo ye nan lemonn.

Chèf egzekitif ayisyen an pa te rate okazyon an pi lwen pou li te esprime souwè li pou Chèf Legliz Katolik la ta ede nan òganizasyon yon konferans entènasyonal pou Ayiti nan Vatikan, pou yo kapab mobilize kominote entènasyonal la.

© Laprezidans

Pap François li menm te renouvle apèl li te fè pou gen amoni sosyal ak politik nan Amerik la, pandan li mete aksan sou Ayiti. Li deklare li toujou kanpe bò kote pèp ayisyen an epi l ap priye pou peyi a gen lapè ak estabilite.

Anfen Mesye Leslie Voltaire te mande pou gen plis solidarite anvè konpatriyòt ayisyen yo k ap pote yon kwa mati nan dènye tan sa yo, paske yo kite peyi yo pou al chèche lavi miyò nan peyi etranje.

Description de l'image