Lapriyè long fè lajounen kwochi, se sa pawòl la di. Ebyen preche long fè fidèl yo dòmi. Se sa Souvren Pontif la vle evite lè li mande pè yo preche pi kout pou yo pa fatige fidèl yo, pou yo pa dòmi nan men yo, daprè sa Le Parisien ki site Reuters rapòte.
Pap la fè konnen yon mesaj yon selebran ap delivre nan yon sèvis ta dwe kout. Li ta dwe genyen «yon imaj, yon panse, yon santiman». Mesaj la yo rele omeli nan legliz katolik pa ta dwe dire plis pase 8 minit. «Paske apre sa, moun yo annouye, y ap dòmi, e yo gen rezon», daprè sa Pap la deklare. Epi li ajoute : «Pè yo pale anpil epi anpil fwa ou pa konprann de kisa y ap pale.»
Se pa premye fwa Chèf legliz katolik la mande pè yo pou yo pa plede ap pale yon bann pawòl san sans nan omeli yo. Fidèl legliz katolik yo pral obsève si pè yo pral suiv rekòmandasyon Pap la, etandone legliz la se anba otorite Sen Pè a li mache. Y ap kapab wè si yo kapab mete pwa a sou dife avan yo ale lamès.
Petèt mesye sis pou sis yo ta bezwen yon otorite sou tèt yo tou pou rale zòrèy yo. Men yo menm yo pa anba kontwòl otorite Pap François.
