Pap François di nou ka plezire ak Bondye

© Francesco Fotia/AGF/SIPA (vya Valeurs actuelles)

Sister Act rankontre Pap la pou tout bon. Men se pa Pap la ki deplase.

Vendredi 14 jen, Pap François t ap resevwa yon gwoup aktè ki soti nan yon kenzèn peyi avan li ale nan somè G7 la. Pami aktè sa yo, te genyen Whoopi Goldberg, Julia Louis-Dreyfus, Chris Rock, Jimmy Fallon.

Sen Pè a te rantre dwèt pous li nan zòrèy dwat li epi li souke dwèt li yo. Li te di : «Mwen fè sa olye mwen fè yon diskou.»

Apre sa Pap la te poze kesyon : «Èske nou ka plezire ak Bondye? » Epi li reponn : «Wi nou kapab fè sa menm jan nou fè li ak moun nou renmen.» Epi li ajoute : «Sèl bagay lè n ap plezire ak Bondye fòk nou fè li yon fason pou nou pa choke lafwa fidèl yo.

Apre sa Souvren Pontif la te montre aktè yo jan y ap jwe yon wòl ki enpòtan nan sosyete a. «Nou gen pouvwa pou nou simaye lajwa ak souri.»

Pap la te deklare bay aktè yo : «Talan nou se yon don ki presye anpil paske avèk souri, li simaye lapè nan kè moun yo, konsa li ede nou travèse difikilte yo epi nou kapab fè fas ak tèt chaje n ap rankontre chak jou nan lavi a.»

Description de l'image