Pandan Pòtoprens ap boule, Fritz Alphonse Jean al nan misyon nan Nò

Pòtoprens ap boule anba atak gang ame yo ki pase yon vitès siperyè kont popilasyon an ki san defans, anba je yon seri otorite ki pa montre okenn sansibilite devan kalamite sitwayen yo. Se moman sa a Konsèy Tranzisyon an soti yon kominike kote li anonse Kodonatè Konsèy la, Mesye Fritz Alphonse Jean ale fè misyon nan Nò ak Nòdès.

Vizit Mesye Fritz Alphonse Jean an ki fèt soti 16 rive 18 mas 2025, daprè sa kominike a presize, se pou ranfòse enfrastrikti estratejik epi bay ekonomi rejyonal la jarèt.

Nan kad misyon sa a, Mesye Fritz Alphonse Jean diskite ak bizismann nan dyaspora a epi Chanm Komès Nò sou envestisman pou ta reyamenaje Ayewopò Okap la. Yo diskite tou sou demann otorizasyon pou yon zòn franch nan Sinwèt pou yo ta kapab endistriyalize rejyon an epi kreye djòb.

Te genyen tou yon vizit nan Pak Enditriyèl Karakòl kote efektif anplwaye yo soti nan 12 500 pou pase nan 3 500 nan kèk mwa sèlman.

Yon lòt kote, yo diskite sou amelyorasyon aksè ak enèji. Nan sans sa a gen de santral solè k ap konstwi pou ajoute sou kantite enèji ki te deja disponib pou pèmèt kominote a ak izin yo jwenn plis enèji pou yo fonksyone.

Te genyen tou yon rankont ak lidè kominotè yo ki te pèmèt yo sonde pwoblèm edikasyon nan rejyon an kote yo konstate manke anseyan nan kèk lekòl. Yon pwoblèm ki mande solisyon.

Pandan Pòtoprens ap boule, pwomès yo kite Lwès yo travèse nan Nò. Yon moun nòmal ta ka mande si otorite yo gen sans priyorite ? Gang yo fè yon sèl poteboure sou popilasyon an nan dènye tan sa yo. Plis fanmi lage nan lari san konnen kote yo prale chak jou.  Anpil moun ap mouri. Atak sou lekòl ak byen moun lage sitwayen yo nan dezolasyon kote anpil lekòl oblije anonse paran, elèv ak pwofesè, yo oblije sispann tout aktivite administratif ak akademik nan espas yo.

Nan diskou Mesye Fritz Alphonse Jean lè li t ap pran mayèt la nan kad prezidans chak moun fè yon ti kou a, li te grennen pwomès sou sekirite devan dèyè, nan pwen sitwayen yo te ka imajine ta pral gen yon bagay ki ta pral chanje. Men se te byen konte mal kalkile. Kote pwotokòl akò ant Fòs Lame d Ayiti ak BSAP pase ? Kote sipò ayeryen ak maritim pase ?

Mesye Fritz Alphonse Jean te deklare :

«Peyi nou an nan lagè jodi a, e nou dwe mete tèt ansanm san fè rechiya pou nou genyen batay sa a. Se pou sa mwen ensiste sou yon bidjè rektifye pou lagè, pou nou oryante depans yo nan sans defi ki devan nou yo. Sekirite a se pi gwo priyorite nou, nou dwe jwenn yon mwayen pou nou tabli ekikib ant depans yo, defi yo ak aksyon n ap pran yo pou nou kapab rive jwenn bon jan rezilta tout moun ka wè (,,,) Si pa gen bon jan efektif ki reponn, fòs lòd yo p ap kapab jwenn bout ensekirite a. Se poutèt sa a, ane sa a menm, genyen 3 000 rekritman ki pral fèt pou ranfòse kantite sòlda ak polisye ki pral goumen sou tèren an»

Diskou sanble pa monte mòn. Pandan tan sa a, Pòtoprens ap boule epi sitwayen yo lage san sekou, san konnen ki sen yo ta ka rele vin delivre yo.

Description de l'image