Pakè mande mennen polisye k ap joure gouvènman an ba li, SPNH-17 monstre

Nan yon lèt ki soti anba plim Mèt Frantz Monclair, Komisè Gouvènman a.i., ki al jwenn Mesye Frantz Thermilus, Enspektè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti, nan dat 24 fevriye 2025, pakè a mande pou yo mennen ba li polisye ki t ap joure epi menase gouvènman an pou yo vin esplike li de ki dwa y ap manke otorite dega.

Komisè Gouvènman a.i. a esplike se nan dat 5, 6 ak 7 fevriye polisye sa yo ki te nan pwen fiks nan Puiblen ak Dèlma 40B, yo te sèvi ak radyo kominikasyon PNH la pou yo menase otorite peyi yo, pami yo Premye Minis la, epi di pawòl ki pa ale nan sans yo.

Apre li fin presize ki kalite radyo ki te nan men polisye yo, Komisè a mande Enspektè Jeneral la pou li pran tout dispozisyon pou li mennen polisye sa yo devan li vandredi 28 fevriye 2025 la, pou yo esplike ki dwa yo genyen pou y ap menase otorite epi di pawòl ki pa antre nan santiman yo.

Bò kote pa li, Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti a, SPNH-17, montre li pa kontan ditou pou papye tenbre Komisè a ki mande mennen polisye yo ba li pou tèt de ti pawòl yo t ap chwichwichwi ki pa ta fè otorite yo plezi.

Sendika a deklare li sezi wè Enspeksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a ak Pakè Pòtoprens sèlman egziste pou polisye ki ta joure Gouvènman sou radyo kominikasyon pou pase fristrasyon yo. Men pou bandi, yo pa janm wè anyen.  SPNH-17 ajoute menm pakè anba lavil la , pa gen okenn aksyon ki janm fèt pou rekipere li.

Sendika a konstate Pakè Pòtoprens pa janm fè anyen kont ensekirite yo di ki pwograme a. Konsa yo deklare Enspeksyon Jeneral pa ka livre polisye k ap goumen chak jou kont gang bay yon sistèm jidisyè ki p ap regle anyen. 

Description de l'image