Padon Papa Dessalines !

Anperè Jean-Jacques Dessalines

Papa Dessalines, sa fè 218 lane depi ou te tonbe anba bal ansasen kriminèl paske ou te vle pou nou tout viv tankou moun, ak diyite, egalego, pou nou tout te mache tèt dwat, pou nou pa te pè gade pèsonn nan je, pou nou te granmoun tèt nou nan bout tè sa a ou te goumen pou ban nou, pou li te rele nou chè mèt chè mètrès. Sa fè 218 lane depi yo kreve je solèy, tenyen limyè ou pou nou pa janm wè klè. Jodi a nou vin mande ou padon Papa Dessalines !

Papa Dessalines, ou se epe Bondye kont lenjistis. Si se pa te ou, nèg nwè t ap toujou rete tèt atè devan nèg blan. Se ou ki fè nèg nwè ka leve tèt gade nèg blan nan je avèk fyète pou di nou tout se moun, okenn nèg pa dwe restavèk okenn lòt, kit nèg nwè, kit nèg blan. Papa Dessalines, nou vin mande ou padon !

Padon Papa Dessalines paske nou pa mache nan wout ou te trase. Ou te vle pou tè d Ayiti tounen tè libète pou tout moun y ap pèsekite tout kote nan lemonn. Jounen jodi  pitit ou yo pa gen libète pou yo mache sou bout tè w la. Ou te vle pou nou granmoun, pou pèsonn pa pase nou lòd, jounen jodi pitit ou yo sèlman ap pran lòd nan men etranje. Menm dirijan nou yo se etranje ki mete yo epi k ap dirije yo.

Padon Papa Dessalines paske pitit ou nan malsite, y ap viv nan labou, y ap mouri grangou. Y ap kouri dèyè yo tout kote. Yo pa ka viv nan peyi ou te kite pou yo a, alevwa kay etranje ki pa janm vle wè yo poutèt koulè po yo. Pitit ou yo pa te dwe nan frite devan pòt kay moun. Se pa sa ou te vle. Yo te dwe viv alèz lakay yo nan respè ak diyite. Nou vin mande ou padon Papa Dessalines !

Padon Papa Dessalines paske etranje pilonnen tè sakre w la. Yo vòlò tout richès ou te kite kòm eritaj pou pitit ou yo. Yo vyole pitit ou yo, yo simen maladi ki touye yo pa pil, apre sa yo vire do yo epi yo di se nou yo te vin ede, paske nou pa kapab granmoun tèt nou.

Padon Papa Dessalines paske jounen jodi se Kenya k ap paweze sou tè sakre w la. Si se pa te ou Papa Dessalines, pa t ap janm gen Kenya. Si se pa te ou, nèg nwè t ap toujou nan chenn tout kote ap sèvi nèg blan. Men jounen jodi, tout nasyon, ni nasyon nèg nwè, ni nasyon nèg blan, yo tout ap griyen dan sou pitit ou yo. Nou mande ou padon Papa Dessalines paske jounen jodi peyi w la genyen pou piti 4 al 5 milyon jenn fanm ak jenn gason vanyan ki ta ka pote fizi, kanpe pou defann eritaj sakre ou te kite pou nou an, men nou pito ap mande lacharite 600 polisye kenyan menm si nou konnen byen yo p ap itil anyen, paske dirijan ayisyen pa kwè nan pitit ou yo.

Padon Papa Dessalines paske jounen jodi n ap mande pou zòt remèt nou lajan yo te kase ponyèt nou pran swadizan pou te fè nou peye pou endepandans ou te ban nou ak fòs ponyèt ou a. Men nou pa reyalize tou si w te la pa t ap gen peye okenn lajan. Lè ou te angaje nan konba a, ou te konnen ou te ka mouri. Tout moun ka mouri. Men ou te fè yon chwa. Se te libète ou lanmò. Pa gen okenn Fransè ki te kapab fè ou ni peye ni aksepte viv tèt bese. Ou te di ou pa gen pwoblèm pou mouri, men kanta pran lòd nan men etranje, se swa jamè.

Men 17 oktòb 1806, valè sa yo te tonbe anba bal ansasen kriminèl nan Ponwouj. Pitit ou yo vin lach, yo vin pè kale je yo nan je nèg blan ! Padon Papa Dessalines paske etranje penetre nan fò a vin pase pitit ou yo lòd !

Padon Papa Dessalines pou tout dirijan nèg blan mete nan tèt peyi w la k ap benyen nan kòripsyon jous nan kou, ki vòlò lajan ki pou ta mete bon lekòl pou pitit ou yo, pou kreye lopital, konstwi wout, bay pitit ou yo manje, fè peyi a bèl pou leve tèt pitit ou yo devan lòt nasyon.

Padon Papa Dessalines paske jounen jodi pitit ou yo ap viv nan kras, nan labou, nan lawont devan je lòt pèp ou te vle ki pou te respekte yo. Padon Papa Dessalines paske nou kite wout limyè w la pou nou mache nan fènwa. Nou derefize leve tèt nou gade solèy pou nou montre lemonn nou se pitit ou. Padon Papa Dessalines !

Padon Papa Dessalines paske 17 oktòb 1806, se pa sèlman yon Jeneral osinon yon Anperè nou te ansasinen. Men se yon rèv, se yon pwojè moun, se lespwa, se libète, se diyite, se respè, se kouraj, se lavi, se yon peyi nou te ansasinen.

Padon Papa Dessalines !

Description de l'image