Apre pasaj ouragan Mélissa ki kite anpil dezolasyon ak dlo nan je nan popilasyon ayisyèn nan, otorite peyi d Ayiti yo dekrete 3 jou dèy nasyonal epi eta dijans pou 6 depatman.
Nan yon kominike, Biwo kominikasyon Premye Minis la enfòme piblik la an jeneral, ak laprès an patikilye, nan seyans konsèy minis nan dat 31 oktòb 2025 la, yo pran desizyon sa yo :
A. Lendi 3, madi 4 ak mèkredi 5 novanm 2025 deklare jounen dèy nasyonal.
Pandan 3 jou dèy sa yo :
1. Drapo nasyonal la ap monte a demi ma.
2. Diskotèk yo ak lòt etablisman ki lye avèk yo ap rete fèmen.
3. Estasyon radyo ak televizyon yo, ak tout lòt medya ap bay mizik ak emisyon sikonstans.
B. Eta dijans deklare pou depatman Sid, Sidès, Grandans, Nip, Lwès ak Nòdwès.
Pou yo kapab fè fas kare ak konsekans tèt chaje ouragan Mélissa sou depatman sa yo, pou bay popilasyon an asistans epi pou pèmèt lavi a reprann nòmalman nan zòn afekte yo, eta dijans sa a deklare pou peryòd soti 3 novanm 2025 pou rive 3 fevriye 2026.

