Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil anonse otorite peyi d Ayiti yo leve ofisyèlman alèt wouj, oranj ak jón ki te sou plizyè depatman akoz pasaj ouragan Mélissa sou peyi d Ayiti.
Yo fè konnen ouragan Mélissa pase l al fè wout li, li pa sou peyi a ankò.
Sepandan, otorite yo mande popilasyon an toujou rete pridan, sitou nan zòn ki gen ris pou inondasyon ak glisman tèren. Yo mande li toujou kontinye suiv tout konsiy otorite konpetan yo.
N ap raple pasaj ouragan Mélissa sou peyi a kite anpil tristès ak dezolasyon avèk plis pase 25 moun ki pèdi lavi yo, plis enfrastrikti tankou wout ki detwi, san konte kay, jaden dlo ravaje.

