Ouragan Beryl : Atansyon danje !

Ouragan Beryl pase sou Ti Zantiy yo madi 2 jiyè kote li deja fè anpil dega. Gwo van yo ki t ap soufle a 240 kilomèt lè rache tèt kay yo, anpil gwo lapli deja lakoz 4 moun pèdi lavi yo. Pandan ouragan Beryl ap kontinye wout li, li pran fòs toujou pou li pase nan kategori 5. Sa vle di se yon fenomèn klimatik ki trè vyolan ki kapab pwovoke gwo katastwòf. Nan sans sa a, gouvènman peyi d Ayiti ap mande popilasyon an rete sou pinga li, suiv enfòmasyon meteyo pou konnen tout dènye nouvèl sou ouragan Beryl. Nan dènye bilten ki pibliye sou sit Ministè Komimikasyon an, men sa nou li :

𝐎𝐮𝐫𝐚𝐠𝐚𝐧 𝐁𝐄𝐑𝐘𝐋 ap pran plis fòs, li toujou lokalize nan direksyon Sidès zile Karayib yo. Pandan pasaj li sou Ayiti, 𝐎𝐮𝐫𝐚𝐠𝐚𝐧 𝐁𝐄𝐑𝐘𝐋 ka lakoz gwo van ak lapli sou depatman Sid, Sidès ak Grandans soti madi apremidi pou rive demen mèkredi.

Inite Idwometeyowolojik ak Sistèm nasyonal k ap jere ris ak dezas yo anonse nivo vijilans oranj sou depatman sa yo akoz menas inondasyon, eboulman ak lanmè ki kapab monte nan kot Sid la.

Inite Idwometeyowolojik nan tèt kòlè ak Semanah ak Pwoteksyon sivil kenbe entèdiksyon aktivite kabotaj yo nan kot Sid peyi a. Operatè ti bato yo dwe evite pran lanmè apati jodi a pou rive mèkredi 3 jiyè.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Ris ak Dezas yo mande popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou respekte konsiy sekirite yo, tankou:

  • Toujou suiv bilten meteyo, konsiy otorite yo ak pwoteksyon sivil. Pa koute rimè ;
  • Si ou abite bò ravin, bò kote dlo konn desann oubyen bò lanmè, pran dispozisyon pou w deplase ale nan abri pwovizwa oubyen nan yon lòt kay nan yon
    zòn ki p ap inonde fasil.
  • Pa janm janbe dlo k ap desann ni a pye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto. Pa di w a gentan…
  • Si w rete nan yon zòn ki kapab gen deboulonnay tè oswa glismann teren, chèche yon kote ki lwen danje a epi tou ale ak fanmi w la pou sizoka.
  • Mete an sekirite tout sa van ka bwote e ki deyò kay la, tankou: poubèl, zouti, afich, lanp dekorasyon, anpoul, elatriye.
  • Si sa nesesè, pwoteje bato ak kannòt yo, mare yo lwen rivaj la.
  • Voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo.
Description de l'image