Otorite yo kontinye ap reyini pou chèche fòmil kont ensekirite

KF: Laprezidans

Vandredi 11 oktòb 2024 sa a, yon gwo reyinyon ant pi gwo otorite peyi yo fèt nan sousi pou chita sou pwoblèm ensekirite a ki tounen yon kastèt chinwa pou otirite sa yo.

Patisipan nan reyinyon sa a se Mesye Leslie Voltaire ki se nouvo Kòdonatè Konsèy Tranzisyon an, Mèt Carlos Hercule ki se Minis Jistis ak Sekirite Piblik, an menm tan Premye Minis pou yon ti bout tan, Mesye Fritz Alphonse Jean, Manm Konsèy Tranzisyon an, Mesye Rameau Normil, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti.

Objektif reyinyon sa a se pou kowòdone jefò ki gen kòm objektif rerabli lòd nan tout peyi a.

N ap raple Premye Minis Garry Conille li menm ki se Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) epi ki se Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal, li pa nan peyi a depi 5 oktòb kote li nan vwayaj ofisyèl nan Emira Arab Ini ak Kenya, daprè enfòmasyon Primati a kominike.

Description de l'image